Li t'ap pale ak yo konsa, lè Golyat, gwo sòlda Filisti a, moun lavil Gat la, sòti nan kan moun Filisti yo, li vin kanpe devan sòlda pèp Izrayèl yo pou mande yo batay jan l te konn fè l anvan an. David tande sa Golyat t'ap di. Lè moun pèp Izrayèl yo wè Golyat parèt yo pran kouri tèlman yo te pè. Yonn t'ap di lòt: — Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou andefi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l'ap marye li ak pitit fi li. Lèfini, l'ap bay tout fanmi li dwa pou yo pa janm bezwen peye okenn taks nan peyi Izrayèl. David mande moun ki te kanpe bò kote l yo: — Kisa y'a bay moun ki va touye sòlda Filisti a, moun ki va wete pèp Izrayèl la nan gwo wont sa a? Epitou, kisa sòlda Filisti sa a, ki pa moun k'ap sèvi Senyè a, ye menm pou l mete lame Bondye vivan an an defi vin goumen avè l la? Mesye yo di l tou sa y'a fè pou moun ki va touye Golyat la. Eliyab, pi gran frè la, te tande li ap pale ak mesye yo. Li fache sou li, li di li konsa: — Sa w'ap fè la a? Ki moun k'ap okipe mouton ou yo pou ou nan dezè a? Mwen konnen ou se yon ti brigan, yon ti fouyapòt! Sou plan ou ye, batay la ou vin gade. David reponn li: — Kisa m fè, mezanmi! Yon senp ti kèsyon m'ap mande moun yo la a wi! Li vire bò yon lòt moun, li mande l menm kèsyon an. Chak fwa, moun yo fè l menm repons la.
Li 1 Samyèl 17
Koute 1 Samyèl 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 17:23-30
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo