1 Samyèl 14:24-34

1 Samyèl 14:24-34 HAT98

Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: — Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m yo. Se konsa pèsonn nan peyi a pat manje anyen jou sa a. Pèp la rive nan yon gwo rakbwa kote ki te gen anpil siwo myèl. Siwo myèl t'ap koule konsa atè nan rakbwa a, men pèsonn pa goute menm ladan l paske yo te pè pou malè Sayil te di a pa rive yo. Men, Jonatan pat konnen papa l te bay pèp la prigad sa a. Sa li fè, li lonje baton ki te nan men l lan, li tranpe bout baton an nan yon gato myèl, epi li mete l nan bouch li. Lamenm, li santi li vin gen fòs ankò. Men, yonn nan mesye yo di li: — Tout moun ap tonbe feblès, yo pa manje paske papa ou te ban nou prigad sa a, li te di: Madichon pou nenpòt moun ki manje anyen jòdi a. Jonatan reponn li: — Sa papa m fè pèp la la a pa bon menm! Gade jan m santi m gen fòs ankò, paske mwen goute yon ti siwo myèl. Si pèp la te manje nan manje li pran lakay moun Filisti yo jòdi a, kounyeya eske nou wè kantite moun Filisti nou ta ka touye met sou sa nou touye deja yo? Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Filisti yo byen bat, depi lavil Mikmas jouk lavil Ajalon. Pèp la t'ap tonbe feblès tèlman yo te grangou. Se konsa yo lage kò yo sou sa yo te pran nan men lènmi yo: yo pran mouton, kabrit, gwo bèf, ti bèf, yo touye yo lamenm epi yo manje vyann lan ak tout san an ladan l. Y'al di Sayil konsa: — Gade! Men pèp la ap peche kont Senyè a: Y'ap manje vyann ak tout san an ladan l. Sayil di konsa: — Nou se yon bann lach! Woule yon gwo wòch bò isit la ban mwen. Apre sa, li bay lòd sa a: — Gaye kò nou nan tout pèp la. Al di pou chak moun mennen bèf yo ak mouton yo ban mwen. Se isit la n'a touye yo, se isit la n'a manje yo pou nou pa fè peche kont Senyè a, pou nou pa manje vyann yo ak tout san yo ladan yo. Jou swa sa a, chak moun mennen bèt yo te genyen, yo touye yo la.