Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

1 Samyèl 11:1-5

1 Samyèl 11:1-5 HAT98

Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: — Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf. Men, Nakach reponn yo: — M'ap siyen kontra a avèk nou, men sou yon sèl kondisyon: m'ap pete je dwat nou tout. Konsa, m'a fè tout pèp Izrayèl la wont. Chèf lavil Jabès la di li: — Ban nou sèt jou pou nou voye mesaje bay tout pèp la nan tout peyi Izrayèl la. Si pa gen pèsonn pou sove nou, lè sa a n'a rann tèt nou ba ou. Mesaje yo rive lavil Gibeya kote Sayil te rete a. Lè yo bay pèp la mesay la, tout moun pete rele byen fò. Sayil t'ap antre sot nan jaden ak bèf li yo. Li mande sa ki genyen, poukisa tout moun t'ap rele konsa. Yo di l sa moun lavil Jabès yo te vin di yo.

Li 1 Samyèl 11

Koute 1 Samyèl 11

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: 1 Samyèl 11:1-5

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo