Men pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè ak Chaloum. Yo tout te pitit pitit Bila.
Men pitit gason Manase te fè ak fanm kay peyi Siri a: Asriyèl ak Maki, papa Galarad. Maki fè afè ak Maka, yon fanm nan fanmi Oupim ak Choupim. Dezyèm pitit gason Maki a te rele Zelofeyad. Zelofeyad te fè pitit fi ase. Maka, madanm Maki, fè yon pitit gason. Li rele l Perès. Frè Perès la te rele Serès. Serès te gen de pitit gason: Oulam ak Rekèm. Oulam fè yon pitit gason yo te rele Bedan. Yo tout te pitit Galarad, ki te pitit Maki, ki li menm te pitit Manase.
Sè Maki a te rele Amolekèt. Li fè twa pitit gason: Ichòd, Abyezè ak Makla. Men pitit Chemida yo: se te Akcham, Sichèm, Liki ak Anyam.
Efrayim te papa Soutelak ki te papa Berèd. Berèd te papa Taka ki te papa Elada. Elada te papa Taka ki te papa Zabad. Zabad te papa Soutelak. Efrayim te gen de lòt pitit gason: Ezè ak Elad. Men, moun ki rete nan zòn Gad la touye yo paske yo te vin vòlò mouton yo. Lè sa a, Efrayim, papa yo, te pran lapenn pou yo pandan lontan. Se fanmi l yo ki vin ba l kouray. Apre sa, l'al kouche ak madanm li. Madanm lan vin ansent, li fè yon ti gason. Li rele li Berya, ki vle di Timizè, paske malè te tonbe sou kay la.
Chera, pitit fi Berya a, bati Bètowon anba ak Bètowon anwo. Se li ki bati Ouzennchera tou.
Berya te papa Refak ki te papa Rechèf. Rechèf te papa Tela ki te papa Takan. Takan te papa Layedan ki te papa Amiyoud. Amiyoud te papa Elichama ki te papa Noun. Noun te papa Jozye. Pòsyon tè yo te ba yo pou yo te rete a se zòn lavil Betèl ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, rive lavil Naaran sou bò solèy leve, lavil Gezè ak tout ti bouk ki sou lòd li yo sou bò solèy kouche, ak zòn lavil Sichèm jouk lavil Aja ak tout ti bouk ki sou lòd li yo. Moun Manase yo te kontwole lavil Bèt-Chean ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Tanak ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, lavil Megido ak tout ti bouk ki sou lòd li yo, ak lavil Dò ak tout ti bouk ki sou lòd li yo. Se nan lavil sa yo moun branch fanmi Jozèf, pitit Jakòb la, t'ap viv.
Asè te gen kat pitit gason: Imna, Ichva, Ichvi, Berya ak yon pitit fi ki te rele Sera. Berya te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl. Se Malkyèl sa a ki te tabli lavil Bizayit. Ebè te gen twa pitit gason: Jaflè, Chomè, Otam ak yon pitit fi yon te rele Chwa. Jaflè te gen twa pitit gason tou: Pasak, Bimal ak Achvat. Chomè, frè Jaflè a, te gen twa pitit gason tou: Wogach, Wouba ak Aram. Otam, lòt frè li a, te gen kat pitit gason: Zofa, Imna, Chelèk ak Amal. Men pitit Zofa yo: Swa, Anefè, Chwal, Beri, Imra, Bezè, Wòd, Chama, Chilcha, Jitran, Bera. Men pitit Jezè yo: Jefounè, Pispa ak Ara. Men pitit Oula yo: Ara, Anyèl ak Rizya.
Tout moun sa yo te moun branch fanmi Asè. Yo tout te chèf fanmi, vanyan sòlda, grannèg. Dapre rejis fanmi yo, te gen vennsimil (26.000) gason ki te gen laj pou fè sèvis lame, epi ki te bon pou fè lagè.