Men non pitit gason Izrayèl yo: Riben, Simeyon, Levi, Jida, Isaka, Zabilon, Dann, Jozèf, Benjamen, Neftali, Gad ak Asè. Jida te gen senk pitit gason antou. Chwa, moun peyi Kanaran, te fè twa pitit pou li. Se te Er, Onan ak Chela. Er, pi gran pitit gason Jida a, te sitèlman fè sa ki mal, Senyè a touye l. Tama, bèlfi Jida a, fè de pitit pou Jida. Se te Perèz ak Zerak.
Perèz te gen de pitit gason. Se te Ezwon ak Amoul. Zerak te gen senk pitit gason: Zimri, Etan, Eman, Kalkòl ak Dada. Se Aka, pitit gason Kami, yon moun fanmi Zerak la, ki te rale malè sou pèp Izrayèl la, lè li te pran nan sa pou yo te boule nèt pou Senyè a.
Etan te papa Azarya.
Ezwon te papa Jerakmeyèl, Ram ak Keloubayi. Ram te papa Aminadab, Aminadab te papa Nachon, yonn nan gwo chèf fanmi Jida yo. Nachon te papa Salma. Salma te papa Boz. Boz te papa Obèd, Obèd te papa Izayi.
Men pitit Izayi yo: Eliyab, premye pitit gason l, Abinadab, dezyèm pitit gason l, Chimeya, twazyèm pitit gason l, Netanèl, katriyèm pitit gason li, Radayi, senkyèm pitit gason li, Ozèm, sizyèm pitit gason li ak David, setyèm pitit gason l. De pitit fi Izayi yo te rele Sewouya ak Abigayil.
Sewouya, pitit fi Izayi a, te gen twa pitit gason: Abichayi, Joab ak Asayèl. Abigayil te fè yon pitit gason pou Jetè, yon moun nan fanmi Izmayèl. Pitit la te rele Amasa.