David reyini tout chèf lame a, ni sa ki te alatèt rejiman mil (1.000) sòlda yo ni sa ki te alatèt divizyon san sòlda yo, li pran konsèy nan men yo. Lèfini, David di pèp Izrayèl la: — Si nou wè se yon bon lide, si se volonte Senyè a, Bondye nou an, nou pral voye misyon bay tout frè nou yo ki rete toupatou nan tout peyi a, bay tout prèt yo ak tout moun Levi yo nan lavil kote yo rete ak nan savann kote yo fè gadinaj, pou yo vin mete tèt yo ansanm ak nou, pou n'al chache Bwat Kontra Bondye nou an, paske nou te bliye l pandan tout reny Sayil la. Tout pèp la te dakò pou yo te fè sa, paske yo wè se te yon bon lide.
Li 1 Kwonik 13
Koute 1 Kwonik 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Kwonik 13:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo