1
Ésaïe 9:6
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.
Konpare
Eksplore Ésaïe 9:6
2
Ésaïe 9:2
Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè; sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a, limyè va fonse briye sou yo
Eksplore Ésaïe 9:2
3
Ésaïe 9:7
P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.
Eksplore Ésaïe 9:7
4
Ésaïe 9:5
Paske tout protej gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a.
Eksplore Ésaïe 9:5
5
Ésaïe 9:1
Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plenn glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo.
Eksplore Ésaïe 9:1
6
Ésaïe 9:3
Ou te fè pèp la grandi anpil; Ou ogmante kè kontan yo. Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la.
Eksplore Ésaïe 9:3
7
Ésaïe 9:4
Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an.
Eksplore Ésaïe 9:4