1
Ésaïe 1:18
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
“Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a: “Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj; malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.
Konpare
Eksplore Ésaïe 1:18
2
Ésaïe 1:19
Si nou vin dakò e obeyi, nou va manje pi bon bagay ki gen nan peyi a
Eksplore Ésaïe 1:19
3
Ésaïe 1:17
Aprann fè sa ki bon; chache lajistis, fè sekou oprime yo, defann òfelen yo, plede ka a vèv la.
Eksplore Ésaïe 1:17
4
Ésaïe 1:20
men si nou refize, e fè rebèl, nou va devore pa nepe.” Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”
Eksplore Ésaïe 1:20
5
Ésaïe 1:16
Lave nou pou nou vin pwòp; retire zak malonèt nou yo devan zye M. Sispann fè mechanste.
Eksplore Ésaïe 1:16
6
Ésaïe 1:15
Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.
Eksplore Ésaïe 1:15
7
Ésaïe 1:13
Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò; lansan vin abominab devan M. Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo— Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.
Eksplore Ésaïe 1:13
8
Ésaïe 1:3
Yon bèf konnen mèt li e yon bourik manjwa a mèt li, men Israël pa konsa. Pèp Mwen an pa reflechi.”
Eksplore Ésaïe 1:3
9
Ésaïe 1:14
Mwen rayi fèt nouvèl lin yo ak fèt apwente nou yo. Yo vin yon gwo fado pou mwen. Mwen fatige sipòte yo.
Eksplore Ésaïe 1:14