1
I Timothée 6:12
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo.
Konpare
Eksplore I Timothée 6:12
2
I Timothée 6:10
Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
Eksplore I Timothée 6:10
3
I Timothée 6:6
Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman.
Eksplore I Timothée 6:6
4
I Timothée 6:7
Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
Eksplore I Timothée 6:7
5
I Timothée 6:17
Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan.
Eksplore I Timothée 6:17
6
I Timothée 6:9
Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon.
Eksplore I Timothée 6:9
7
I Timothée 6:18-19
Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
Eksplore I Timothée 6:18-19
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo