1
Rev 3:20
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
VKF
Men m kanpe devan pòt la, m ap frape. Si yon moun tande vwa m epi li louvri pòt la, m ap antre manje avè l, epi limenm tou l ap manje avè m.
Konpare
Eksplore Rev 3:20
2
Rev 3:15-16
Mwen konnen aksyon w yo. Mwen konnen ou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito w te frèt oubyen cho! Konsa, poutèt se sèlman tyèd ou tyèd, ou pa ni frèt ni cho, m ap vomi w krache voye jete.
Eksplore Rev 3:15-16
3
Rev 3:19
Moun mwen renmen, mwen tire zòrèy yo pou korije yo. Alò, fè plis efò, repanti w epi chanje konduit ou!
Eksplore Rev 3:19
4
Rev 3:8
Mwen konnen aksyon w yo. Gade: Mwen mete devan w yon pòt louvri, pa gen pèsòn ki ka fèmen l. Paske ou pa gen anpil puisans, poutan ou kenbe pawòl mwen epi ou pa pè temwanye pou mwen.
Eksplore Rev 3:8
5
Rev 3:21
Moun ki ranpòte laviktwa a, l ap chite ansanm ak mwen sou twòn mwen, menm jan mwen menm, mwen ranpòte laviktwa epi mwen chita ansanm ak Papa m sou twòn li a.
Eksplore Rev 3:21
6
Rev 3:17
Paske, ou met nan tèt ou rich, ou pa bezwen anyen, men se wè ou pa wè ou melere, pòv mizerab, avèg epi toutouni!
Eksplore Rev 3:17
7
Rev 3:10
Paske ou pèsevere nan pawòl mwen, menm nan soufrans. Alò, m ap pwoteje w nan peryòd la twoublay k ap vini sou mond lan, yon tan eprèv pou tout moun k ap viv sou latè.
Eksplore Rev 3:10
8
Rev 3:11
M ap vini talè. Kenbe fèm nan la fwa w, pou pèsòn pa pran kouwòn ou.
Eksplore Rev 3:11
9
Rev 3:2
Reveye w! Rele sou kò w pou w pa fin mouri nèt. Paske, mwen pa twouve aksyon w yo dwat devan Bondye m nan.
Eksplore Rev 3:2
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo