1
Lik 23:34
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Men, Jezi di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.” Sòlda yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li.
Konpare
Eksplore Lik 23:34
2
Lik 23:43
Jezi reponn li: “M ap di w sa franchman, jodi a menm ou ap avèk mwen nan paradi.”
Eksplore Lik 23:43
3
Lik 23:42
Apre sa li di: “Jezi, pa bliye m lè ou vin renye nan Wayòm ou an!”
Eksplore Lik 23:42
4
Lik 23:46
Jezi kriye byen fò, li di: “Papa, mwen remèt lespri m nan men w.” Fini l fin di sa a, li rann dènye souf li.
Eksplore Lik 23:46
5
Lik 23:33
Lè yo rive sou tèt mòn nan, kote yo rele Zo Bwa Tèt la, yo klouwe Jezi sou kwa a, epi yo klouwe de kriminèl yo tou akote l. Yo mete sou kwa tou, youn sou bò dwat Jezi epi lòt la sou bò gòch li.
Eksplore Lik 23:33
6
Lik 23:44-45
Li te bò midi kon sa rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a, paske solèy la te sispann klere. Vwal tanp lan menm chire fè de moso.
Eksplore Lik 23:44-45
7
Lik 23:47
Lè kaptenn lame a wè sa k te rive a, li bay Bondye louwanj epi li di: “Se sèten, nonm sa a te inosan vre!”
Eksplore Lik 23:47
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo