Bible App logo
Ícono Búsqueda

Sòm Yo 76

76
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd
Yon Sòm Asaph, yon Chanson
1Bondye byen rekonèt nan Juda.
Non Li #Sòm 99:3gran an Israël.
2Tabènak Li a nan Salem.
# Sòm 27:5 Abitasyon Li an osi nan Sion.
3La, Li te #Sòm 46:9 kase flèch dife yo,
boukliye ak nepe ak zam lagè yo.
4Ou manyifik, pi majeste pase mòn
ak bèt lachas yo.
5Sila ak #És 10:12 gran kouraj yo te piyaje,
yo te fonse tonbe nan dòmi mò a.
Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.
6Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob,
ni #Egz 15:1-21 chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.
7Ou menm, Ou merite lakrent.
Se #Esd 9:15 kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?
8Ou te fè jijman tande soti nan syèl la.
Latè te #I Kwo 16:30 krent, e te kanpe rete an plas
9lè Bondye te leve nan jijman an,
pou sove tout enb sou latè yo. Tan
10Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa.
Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.
11 # Ekl 5:4-6 Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo.
Kite tout sila ki antoure Li yo
mennen don a Sila ki merite lakrent lan.
12Li va koupe retire nanm a prens yo.
Wa latè yo #Sòm 47:2 gen lakrent Li.

Actualmente seleccionado:

Sòm Yo 76: BSA

Destacar

Copiar

Comparar

Compartir

None

¿Quieres guardar tus resaltados en todos tus dispositivos? Regístrate o Inicia sesión

Video de Sòm Yo 76