Logo de YouVersion
Ícono Búsqueda

Sòm Yo 75

75
Pou direktè koral la; pou jwe a melodi “Pa Detwi”
Yon Sòm Asaph, yon Chanson
1Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye,
Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre.
Moun yo fè deklarasyon #Sòm 26:7zèv mèvèy Ou yo.
2“Lè Mwen menm fikse yon tan ki apwente,
Mwen va #Sòm 9:8jije avèk jistis.
3Latè avèk tout sa ki ladann souke.
Se Mwen menm ki kenbe pilye li yo.” Tan
4Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!”
A mechan an: #Za 1:21 “Pa leve kòn nan.
5Pa leve kòn ou anwo.
# I Sam 2:3 Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.”
6Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès,
ni bò kote #Sòm 3:3 dezè a,
kab gen fòs pou leve moun anwo;
7Men Bondye se jij la.
Li #Sòm 50:6 fè yon moun desann,
e li leve yon lòt fè l wo.
8Paske gen yon tas nan men SENYÈ a,
e diven an ap kimen.
Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann.
Anverite, #Ab 16 tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.
9Men pou mwen, mwen va #Sòm 22:22 deklare sa, jis pou tout tan.
Mwen va chante lwanj a Bondye Jacob la.
10Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe fè yo sòti nèt.
Men #I Sam 2:1 kòn a moun ladwati yo va leve wo.

Actualmente seleccionado:

Sòm Yo 75: BSA

Destacar

Copiar

Comparar

Compartir

None

¿Quieres guardar tus resaltados en todos tus dispositivos? Regístrate o Inicia sesión

Video de Sòm Yo 75