Sòm Yo 109
109
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1O Bondye lwanj mwen an, #Sòm 28:1pa rete an silans!
2Paske yo te ouvri bouch #Sòm 10:7desepsyon ak mechanste a kont mwen.
Yo te pale kont mwen avèk yon lang k ap manti.
3Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman
E yo te goumen kont mwen #Sòm 35:7san koz.
4An echanj pou lanmou m, yo te aji kon akizatè mwen;
men mwen toujou ap priye.
5Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak #Jn 7:7rayisman pou lanmou m.
6Plase yon nonm mechan sou li e kite
yon akizatè kanpe sou men dwat Li.
7Lè l fin jije, kite li sòti koupab
e kite #Pwov 28:9lapriyè li devni peche.
8Kite jou li yo vin mwens.
Kite #Trav 1:20yon lòt moun pran pozisyon li.
9Kite pitit li yo rete san papa,
e kite #Jr 18:21madanm li vin vèv.
10Kite pitit li yo mache egare, e mande nan lari.
Kite yo chache yo nan kay kraze a kote yo rete.
11Kite moun li dwe, sezi tout sa li posede
e etranje yo piyaje tout sa li pwodwi.
12Kite l rive ke nanpwen moun ki pou ofri li lanmou dous,
Ni okenn moun ki pou fè gras a òfelen li yo.
13Kite desandan li yo koupe retire nèt.
Nan jenerasyon ki swiv yo, kite #Sòm 9:5non yo
efase nèt.
14Kite #Egz 20:5inikite a papa zansèt li yo vin sonje devan SENYÈ a,
E pa kite peche a manman l yo vin efase.
15Kite yo devan SENYÈ a tout tan pou L
#
Job 18:17
koupe retire memwa yo sou latè,
16akoz li pa t sonje montre lanmou dous,
men te pèsekite e te aflije malere a,
ak sila ki dekouraje nan kè l la,
pou l mete yo a lanmò.
17Anplis, li te renmen bay madichon.
Konsa, #Pwov 14:14madichon an te retounen sou li.
Li pa t renmen beni.
Konsa, sa te rete lwen l.
18Men li te abiye li menm ak madichon tankou vètman,
e sa te #Nonb 5:22fonse nan kò l tankou dlo, tankou lwil, sa rive nan zo li.
19Kite sa rive li tankou yon #Sòm 73:6vètman k ap sèvi pou kouvri kò l,
paske sentiwon sa a ap toujou mare l.
20Kite SENYÈ a bay sa kon rekonpans akizatè mwen yo,
ak sila ki #Sòm 41:5pale mal kont nanm mwen yo.
21Men Ou menm, O Bondye, SENYÈ a,
aji dousman avè m #Sòm 23:3pou koz a non Ou.
Akoz lanmou dous Ou a bon, delivre m,
22paske mwen aflije e malere.
Kè m blese anndan m.
23Mwen ap pase tankou yon lonbraj ki vin long.
Mwen souke retire tankou #Egz 10:19krikèt volan.
24Jenou m vin fèb nan fè #Sòm 35:13jèn
e chè m vin mèg, san grès.
25Mwen menm, anplis, te vin yon repwòch a yo menm.
Lè yo wè m, yo #Sòm 22:7souke tèt yo.
26 #
Sòm 119:86
Fè m sekou, O SENYÈ, Bondye mwen an.
Sove mwen selon lanmou dous Ou a.
27Konsa, ya konnen ke sa te fèt pa men Ou,
ke se Ou menm, SENYÈ a, ki te fè l.
28Kite yo menm bay madichon sou mwen,
men pou Ou menm, bay benediksyon.
Lè yo leve, yo va wont, men #És 65:14sèvitè Ou a va fè kè kontan.
29Kite #Job 8:22akizatè mwen yo vin abiye ak dezonè.
Kite yo kouvri yo menm ak pwòp wont
yo tankou se avèk yon manto.
30Avèk bouch mwen, mwen va bay
anpil remèsiman a SENYÈ a.
Nan mitan gwo foul la, #Sòm 22:22mwen va louwe Li.
31Paske Li kanpe kote men dwat malere a
pou sove li de men a sila ki #Sòm 37:33 jije nanm li yo.
Actualmente seleccionado:
Sòm Yo 109: BSA
Destacar
Copiar
Comparar
Compartir
¿Quieres guardar tus resaltados en todos tus dispositivos? Regístrate o Inicia sesión
Copyright © 2017-2023 Ron Smith