Sòm Yo 108
108
Yon chan. Yon Sòm David
1 #
Sòm 57:7-11
Kè m fèm, O Bondye; mwen va chante.
Mwen va chante lwanj ou, menm avèk tout nanm mwen.
2Fè leve ap avèk lir!
Mwen va fè leve solèy la!
3Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ, pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj a Ou pami nasyon yo.
4Paske lanmou dous Ou a gran #Sòm 113:4pase syèl yo,
e verite Ou rive jis nan syèl yo.
5 #
Sòm 57:5
Leve wo, O Bondye, anwo syèl yo ak glwa Ou anwo tout tè a.
6 #
Sòm 60:5-12
Pou sila ke Ou tèlman renmen an, kapab delivre.
Sove avèk men dwat Ou e reponn mwen!
7Bondye te pale nan sentete Li a: “Mwen va leve wo,
Mwen va divize Sichem, e mezire tout vale Succoth la.
8Galaad se pou Mwen. Manassé se pa M.
Ephraïm se kas sou tèt Mwen.
#
Jen 49:10
Juda se baton wayal Mwen.
9Moab se basen lesiv Mwen.
Sou Edom, Mwen va jete soulye M.
Sou Philistie, Mwen va rele byen fò.”
10Se #Sòm 60:9kilès ki va mennen M antre nan vil fòtifye a?
Kilès ki va mennen M Edom?
11Se pa ke Ou, Ou menm, O Bondye, te #Sòm 44:9rejte nou an?
Èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
12O bannou sekou kont advèsè a,
paske delivrans a lòm se anven.
13Avèk Bondye, nou va fè zèv vanyan.
#
És 60:12
Se Li menm ki va foule advèsè nou yo anba pye L.
Actualmente seleccionado:
Sòm Yo 108: BSA
Destacar
Copiar
Comparar
Compartir
¿Quieres guardar tus resaltados en todos tus dispositivos? Regístrate o Inicia sesión
Copyright © 2017-2023 Ron Smith