Rit 3

3
Rit dòmi nan pye Bowaz
1Yon bon jou, Nawomi bèlmè Rit, di Rit konsa: “Pitit fi m, se wòl mwen pou m chache yon bon mari pou ou ki kapab pran swen w epi ba w yon bon kote pou ou rete. 2Kòm ou konnen, Bowaz ki te ba w pèmisyon pou ou travay bò kote sèvant li yo, se yon manm fanmi nou. Aswè a li pral bat lòj sou glasi a. 3Men sa pou ou fè. Ale, pran yon bon beny. Pase pafen sou kò w, mete pi bèl rad ou a sou ou epi desann nan jaden an. Men pa kite Bowaz wè w toutotan li pa fin manje epi bwè. 4Apre l fin manje, li pral kouche pou l pran repo. Siveye ki kote l al kouche. Lè dòmi pote l ale, avanse kote l tou dousman, leve pwent dra a, kouche nan pye#3:4 kouche nan pye Se te yon fason pou fè Bowaz konnen li te vle vini yon madanm pou li. l. Li menm, li va di w sa pou ou fè.”
5Rit reponn li: “M ap fè tout sa ou di m fè yo.”
6Konsa, Rit desann sou glasi a epi li fè tout sa Nawomi, bèlmè li, te di l fè yo. 7Apre Bowaz te fin manje, li bwè, kè l kontan, l al kouche bò kote yon gwo pil grenn lòj ki te fin bat. Rit avanse sou pwent pye, li dekouvri pye Bowaz, epi li kouche.
8Nan mitan nuit la, Bowaz pantan toudenkou paske li te santi te gen yon fi ki kouche nan pye l. 9Bowaz mande, “Ki moun ou ye?” Rit reponn, “se mwen menm Rit, sèvant ou. Ou gen dwa proteksyon sou fanmi nou. Voye dra w sou mwen, kouvri m non.”#3:9 kouvri m non Oubyen “pran m anba zèl ou non”. Ak mo sa yo, Rit t ap mande Bowaz pou l ta gade li epi pran swen li tankou younn nan madanm li yo. Gade nan not sou “pwotektè” ki nan 2:20. Menm bagay nan Rit 2:12.
10Bowaz di l: “Se pou SENYÈ a beni w pitit fi m! Nan fason sa a, ou kontinye montre plis fidelite toujou pou fanmi Nawomi. Ou te gendwa chache yon jèn gason pou marye avè w, menm si l te rich oubyen l te pòv, men ou pa fè sa. 11Kounye a, pitit fi m, ou pa bezwen pè. M ap fè tout sa ou mande m nan. Tout sitwayen nan vil la tande pale de ou kòm yon bon fi.#3:11 yon bon fi Sa vle di yon fanm ki konn travay di. Gade nan Pwo 31:10. 12Sa ou di a se vre, mwen se pwotektè fanmi an. Men gen yon lòt manm fanmi lan ki pi pwòch Elimelèk pase m. 13Rete la, pase nuit la. Demen maten, m ap mande l si l vle pran responsablite a.#3:13 pran responsablite a Oubyen “rachte”. Sa te vle di paran ki pi pwòch la te dwe marye ak madanm defen an epi pran swen fanmi li ak pwopriyete li. Si l deside fè sa, pa gen pwoblèm. Men, si l pa vle, mwen pwomèt ou devan Bondye m ap fè sa mwen menm. Rete la jiskaske li jou.”
14Kon sa, Rit rete kouche la nan pye Bowaz jouk rive bonè nan maten. Li te mete nan tèt li l ap pati anvan l jou- yon lè ki pa fin jou nèt pou yon moun pa ta rive rekonèt menm pwòp zanmi l. Bowaz te fè l ale bonè konsa, paske li te di nan tèt li “pèsonn pa dwe konnen yon madanm te dòmi nan jaden an.” 15Pandan Rit prale, Bowaz di li: “Ranje rad ki sou ou a, kenbe l nan pwent.” Lè Rit fin ranje rad la, Bowaz vide sis mezi grenn lòj ladan l pou Rit epi li ede Rit leve l mete sou zepòl li. Apre sa, Bowaz tounen nan lavil la.
16Lè Rit rive lakay, Nawomi mande l: “Kòman sa pase pitit fi m?” Rit rakonte l tout sa Bowaz te fè pou li.
17Rit di l: “Bowaz ban m pwovizyon epi li di m: Piga ou tounen al lakay ou san ou pa pran ti kado sa a pou bèlmè w.”
18Nawomi reponn: “Pitit fi m, pran pasyans epi n ap wè sa k pral pase. Bowaz p ap ka dòmi toutotan li pa fè sa l dwe fè a. N ap wè yon bagay fèt anvan jounen an fin i!”

Valgt i Øjeblikket:

Rit 3: VKF

Markering

Del

Kopiér

None

Vil du have dine markeringer gemt på tværs af alle dine enheder? Tilmeld dig eller log ind

YouVersion bruger cookies til at personliggøre din oplevelse. Når du bruger vores hjemmeside, accepterer du vores brug af cookies som beskrevet i vores privatlivspolitik