1
Women Yo 14:17-18
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an. Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm.
Karşılaştır
Women Yo 14:17-18 keşfedin
2
Women Yo 14:8
Si nou viv, nou viv pou Senyè a, oubyen si nou mouri, nou mouri pou Senyè a. Donk kit nou viv, oswa kit nou mouri, se a Senyè a.
Women Yo 14:8 keşfedin
3
Women Yo 14:19
Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt.
Women Yo 14:19 keşfedin
4
Women Yo 14:13
Konsa, annou pa jije youn lòt ankò. Men olye de sa, annou detèmine pou nou pa mete okenn obstak oubyen wòch k ap fè moun bite sou wout a yon frè.
Women Yo 14:13 keşfedin
5
Women Yo 14:11-12
Paske sa ekri: “Jan Mwen vivan an, di Senyè a, tout jenou ap bese devan Mwen, e tout lang ap bay lwanj a Bondye”. Konsa nou chak ap rann kont de tèt li, bay Bondye.
Women Yo 14:11-12 keşfedin
6
Women Yo 14:1
Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo.
Women Yo 14:1 keşfedin
7
Women Yo 14:4
Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.
Women Yo 14:4 keşfedin