1
Ésaïe 43:19
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Gade byen, Mwen va fè yon bagay tounèf; koulye a, li va pete vin parèt. Èske nou p ap rekonèt li? Menm yon chemen nan dezè a Mwen va fè, ak rivyè yo nan dezè a.
2
Ésaïe 43:2
Lè w ap pase nan gwo dlo yo, Mwen va la avèk ou; epi nan rivyè yo, yo p ap debòde sou ou. Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile, ni flanm nan p ap brile ou.
3
Ésaïe 43:18
Pa kite ansyen bagay yo antre nan tèt nou, ni reflechi sou bagay ki fin pase.
4
Ésaïe 43:1
Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob, e Sila ki te fòme ou a, O Israël: “Pa pè, paske Mwen te rachte ou. Mwen te rele ou pa non ou. Se pa M ou ye!
5
Ésaïe 43:4
Akoz ou presye nan zye M, akoz ou gen gran valè e Mwen renmen ou, Mwen va bay lòt moun nan plas ou e lòt pèp an echanj pou lavi ou.
6
Ésaïe 43:3
Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, Sila Ki Sen en Israël la, Sovè ou a. Mwen te bay Égypte kon ranson ou Cush ak Saba nan plas ou.
7
Ésaïe 43:5
Pa pè, paske Mwen avèk ou; Mwen va mennen desandan ou yo soti nan lès e ranmase ou nan lwès.
8
Ésaïe 43:25
Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.
9
Ésaïe 43:10
“Nou se temwen Mwen,” deklare SENYÈ a, “Ak sèvitè ke M te chwazi; pou nou ka konnen, kwè nan Mwen e konprann ke Mwen se Li menm nan. Avan Mwen, pa t gen lòt Bondye ki te fòme e apre Mwen, p ap gen menm.
10
Ésaïe 43:11
Mwen menm, Mwen se SENYÈ a e nanpwen sovè apa de Mwen menm.
11
Ésaïe 43:13
Menm depi nan letènite, Mwen se Li menm e pa genyen moun ki ka delivre fè sòti nan men M; Mwen aji e se kilès ki ka ranvèse l?”
12
Ésaïe 43:20-21
Bèt nan chan yo va bay glwa a Mwen menm, chen mawon nan chan yo ak otrich yo, akoz Mwen te bay dlo nan savann nan e rivyè nan dezè a pou pèp chwazi Mwen an ka bwè. Pèp ke M te fòme pou Mwen an va deklare lwanj Mwen.
13
Ésaïe 43:6-7
Mwen va di a nò: ‘Lage yo!’ Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’ Mennen fis Mwen yo soti lwen e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo— tout moun ki rele pa non Mwen e ke Mwen te kreye pou glwa Mwen, ke M te fòme, menm sa ke m te fè.”
14
Ésaïe 43:16-17
Konsa pale SENYÈ a, ki fè yon wout sou lanmè a, e yon chemen nan dlo pwisan yo, Ki mennen fè parèt cha avèk cheval la, lame ak mesye pwisan a (Yo va kouche ansanm e yo p ap leve ankò; yo te etenn tankou yon fisèl bouji)
15
Ésaïe 43:15
Mwen se SENYÈ a, Sila Ki Sen pa nou an, Kreyatè Israël la, Wa nou an.”