Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Zephaniah 3:14-20

Sofoni 3:14-20 - Nou menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan!
Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt!
Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou!
Senyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo.
Li bale tout lènmi nou yo ale.
Senyè a, wa pèp Izrayèl la, la nan mitan nou.
Pa gen malè ki pou rive nou ankò!
Jou sa a, y'a di moun lavil Jerizalèm yo:
Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè.
Pa dekouraje!
Senyè a, Bondye nou an, la nan mitan nou!
Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou.
Li kontan wè sa n'ap fè.
L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou.
W'ap fè kè l kontan. L ap chante
tankou lè gen fèt:
Senyè a di:
— Mwen wete sa ki t'ap fè nou pè a.
Mwen wete wont ki te sou nou an.
Jou sa a, m'a pini tout moun ki t'ap peze nou yo.
M'a sove moun k'ap bwete yo,
m'a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo.
Nan tout peyi kote moun t'ap fè yo wont
mwen pral fè yo fè lwanj pou yo,
tout moun pral nonmen non yo.
Lè sa a, m'a fè nou tounen lakay nou.
Wi, m'a fè nou sanble ankò nan peyi nou an.
M'a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou,
y'a nonmen non nou.
N'a wè m'a fè peyi nou an kanpe ankò.
Se Senyè a menm ki di sa.

Nou menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou! Senyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Senyè a, wa pèp Izrayèl la, la nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò! Jou sa a, y'a di moun lavil Jerizalèm yo: Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè. Pa dekouraje! Senyè a, Bondye nou an, la nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k'ap delivre nou. Li kontan wè sa n'ap fè. L'ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W'ap fè kè l kontan. L ap chante tankou lè gen fèt: Senyè a di: — Mwen wete sa ki t'ap fè nou pè a. Mwen wete wont ki te sou nou an. Jou sa a, m'a pini tout moun ki t'ap peze nou yo. M'a sove moun k'ap bwete yo, m'a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo. Nan tout peyi kote moun t'ap fè yo wont mwen pral fè yo fè lwanj pou yo, tout moun pral nonmen non yo. Lè sa a, m'a fè nou tounen lakay nou. Wi, m'a fè nou sanble ankò nan peyi nou an. M'a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou, y'a nonmen non nou. N'a wè m'a fè peyi nou an kanpe ankò. Se Senyè a menm ki di sa.

Sofoni 3:14-20

Zephaniah 3:14-20
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo