Zechariah 14:3-9

Lèfini, Senyè a pral parèt pou l'al goumen ak nasyon yo, jan li te konn goumen nan tan lontan an. Lè sa a, l'a desann kanpe sou mòn pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l'a fè yon fon nan mitan ki sòti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid. N'a lonje fon an pou nou kouri chape kò nou jouk n'a rive lòt bò mòn Atsèl. N'a kouri met deyò menm jan zansèt nou yo te fè l la lè tranblemanntè a te pase sou reny Ozyas, wa peyi Jida a. Senyè a, Bondye nou an, va vini, l'ap mennen tout moun pa l yo avè l. Lè jou sa a va rive, p'ap gen limyè, p'ap fè fredi, dlo p'ap fè glas. Se va yon jou ki p'ap tankou lòt jou yo. Ap fè klè nèt. P'ap gen lannwit ankò. Se Senyè a sèl ki konnen lè sa va rive. Lè jou sa a va rive, bèl dlo dous pral koule sòti lavil Jerizalèm. Mwatye nan dlo a ap fè yon branch larivyè desann bò solèy leve, tonbe nan lanmè Mouri a. Lòt mwatye a ap desann bò solèy kouche, tonbe nan lanmè Meditèrane a. Dlo a ap koule san rete, nan sezon fredi kou nan sezon chalè. Lè sa a, se Senyè a ki pral sèl wa sou tout latè. Lè sa a, se li ki pral sèl Bondye pou tout moun. Se li menm ase tout moun ap konnen.
Zakari 14:3-9