Ruth 1:15-18

Nawomi di l konsa: — Rit machè! Gade bèlsè ou la! Li tounen l'al jwenn moun li yo ansanm ak bondye l'ap sèvi yo. Fè menm jan an tou. Tounen ansanm avè l non! Men, Rit reponn: — Pa fòse m kite ou! Tanpri, kite m ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m'a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m. Bondye w'ap sèvi a, se li m'a sèvi tou. Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m tou. Mwen mande Senyè a pou l ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou. Lè Nawomi wè Rit te sòti vre pou ale avè l, li pa di l anyen ankò.
Rit 1:15-18