Romans 4:7-12

Ala bon sa bon pou moun lè Bondye padonnen peche yo, lè Bondye pa gade sou fòt yo fè! Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa mande l kont pou sa li fè ki mal! Eske benediksyon sa a se pou moun ki sikonsi yo ase? Eske se pa pou moun ki pa sikonsi yo tou? Nou fenk sot di se paske Abraram te mete konfyans li nan Bondye kifè Bondye te fè l gras. Kilè sa te rive? Eske se te anvan Abraram te sikonsi an, osinon nan apre? Non. Se pat nan apre. Se te anvan li te sikonsi. Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fè l gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Se poutèt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras. Abraram se papa moun ki sikonsi yo tou. Pa paske yo sikonsi ase, men paske yo menm tou yo swiv egzanp konfyans Abraram, papa nou, te gen nan Bondye anvan menm li te sikonsi.
Women 4:7-12