Women 10:16-18

Men, se pa tout ki asepte Bòn Nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesay nou te bay la? Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse. Men, m'ap mande: Eske Izrayèl pat tande mesay la? Men wi. Yo tande l byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la: Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè. Mesay yo bay la rive nan dènye bout latè.
Women 10:16-18