Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Romans 10:13-21

Women 10:13-21 - Se sa ki ekri nan Liv la:
Nenpòt moun ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans.
Ki jan y'a fè rele l, si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li, si pa gen pèsonn pou fè konnen mesay la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesay la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon Bòn Nouvèl ap vini!
Men, se pa tout ki asepte Bòn Nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di:
Mèt, kilès ki te kwè mesay nou te bay la?
Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse.
Men, m'ap mande: Eske Izrayèl pat tande mesay la? Men wi. Yo tande l byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la:
Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè.
Mesay yo bay la rive nan dènye bout latè.
Men, m'ap mande ankò: Eske Izrayèl pat konprann sa? Pou konmanse, men repons Moyiz bay:
M'ap fè nou fè jalouzi pou moun ki pa menm yon nasyon tout bon.
M'ap fè nou fè kòlè poutèt yon pèp ki san konprann.
Ezayi pouse odas li pi lwen toujou lè li di:
Moun ki pa t'ap chache m' yo, se yo menm ki jwenn mwen.
Moun ki pa t'ap mande pou mwen yo, se yo menm mwen fè wè mwen.
Men, men sa li di sou Izrayèl:
Tout lajounen m'ap lonje men m bay yon pèp ki rebèl,
k'ap fè wòklò.

Se sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki rele non Mèt la gen pou jwenn delivrans. Ki jan y'a fè rele l, si yo poko gen konfyans nan li? Ki jan pou yo gen konfyans nan li, si yo pa tande pale sou li? Ki jan pou yo tande pale sou li, si pa gen pèsonn pou fè konnen mesay la? Ki jan pou yo fè fè konnen mesay la, si pa gen moun yo voye pou sa? Dapre sa ki te ekri a: Ala bèl bagay lè ou wè moun k'ap pote yon Bòn Nouvèl ap vini! Men, se pa tout ki asepte Bòn Nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesay nou te bay la? Konsa, se lè ou tande mesay la ou vin gen konfyans. Mesay la, se pawòl Kris la y'ap anonse. Men, m'ap mande: Eske Izrayèl pat tande mesay la? Men wi. Yo tande l byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la: Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè. Mesay yo bay la rive nan dènye bout latè. Men, m'ap mande ankò: Eske Izrayèl pat konprann sa? Pou konmanse, men repons Moyiz bay: M'ap fè nou fè jalouzi pou moun ki pa menm yon nasyon tout bon. M'ap fè nou fè kòlè poutèt yon pèp ki san konprann. Ezayi pouse odas li pi lwen toujou lè li di: Moun ki pa t'ap chache m' yo, se yo menm ki jwenn mwen. Moun ki pa t'ap mande pou mwen yo, se yo menm mwen fè wè mwen. Men, men sa li di sou Izrayèl: Tout lajounen m'ap lonje men m bay yon pèp ki rebèl, k'ap fè wòklò.

Women 10:13-21

Romans 10:13-21
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo