Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Sòm 95:6-11

Sòm 95:6-11 - Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li!
Ann tonbe ajenou devan Senyè ki kreye nou an!
Se li ki Bondye nou,
se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li.

Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou:
— Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l
lè yo te bò sous dlo Meriba a,
tankou yo te fè l jou sa a nan dezè a bò Masa.
Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m,
malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo.
Pandan karantan, ras moun sa yo ban m degoutans.
Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo.
Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo.
Se sa k fè, lè m te ankòlè a,
mwen sèmante yo p'ap mete pye yo
kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.

Vini non! Ann bese tèt nou devan li, ann adore li! Ann tonbe ajenou devan Senyè ki kreye nou an! Se li ki Bondye nou, se pèp li nou ye, l'ap pran swen nou tankou mouton ki nan savann li. Si sèlman nou te vle tande jòdi a sa l'ap di nou: — Pa kenbe tèt ak mwen, tankou zansèt nou yo te fè l lè yo te bò sous dlo Meriba a, tankou yo te fè l jou sa a nan dezè a bò Masa. Lè sa a, yo te vle wè jouk ki bò mwen ye ak yo, yo te sonde m, malgre yo te deja wè tou sa mwen te fè pou yo. Pandan karantan, ras moun sa yo ban m degoutans. Mwen te di: Y'ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman mwen yo. Se sa k fè, lè m te ankòlè a, mwen sèmante yo p'ap mete pye yo kote pou yo pran repo ansanm ak mwen an.

Sòm 95:6-11

Sòm 95:6-11
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo