Psaumes 85:1-7

(2) Senyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen! (3) Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo. (4) Ou pat fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo! (5) Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò! (6) Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò? (7) Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou? (8) Senyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!
Sòm 85:1-7