Psalm 77:11-20

(12) Senyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan. (13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estraòdinè ou te fè yo! (14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou! (15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou. (16) Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo. (17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo sòti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble. (18) Nyaj yo pran vide gwo lapli, kout loray pran woule nan nyaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la. (19) Bri loray la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a sòti pè, li pran tranble. (20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pèsonn pa ka wè mak pye kote ou pase. (21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.
Sòm 77:11-20