(3) Gen pitye pou mwen, Bondye.
Jan ou gen bon kè sa a!
Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal,
paske ou gen kè sansib.
(4) Lave m, foubi m pou wete fòt mwen fè a.
Netwaye m pou efase peche m lan.
(5) Mwen rekonèt sa m fè a pa bon.
Se tout tan peche m lan devan je m.