Psalm 42:1-4

(2) Menm jan yon bèt anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. (3) Se pa ti anvi mwen pa anvi wè Bondye, Bondye ki vivan an. Kilè m'a va ale pou m adore Bondye lakay li? (4) Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki sòti nan je m ki sèvi m manje. Se tout tan moun ap mande m: — Kote Bondye ou la? (5) Kè m ap fann lè m chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.
Sòm 42:1-4