Sòm 37:3-6

Mete konfyans ou nan Senyè a, fè sa ki byen! Pran peyi a fè kay ou, viv ak kè poze! Si se nan Senyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen. Renmèt kòz ou nan men Senyè a! Mete konfyans ou nan li, l'a ede ou. L'a fè jistis ou parèt aklè tankou yon limyè, l'a fè rezon ou parèt aklè tankou gwo solèy midi.
Sòm 37:3-6