Psalms 30:5-10

(6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan. (7) Mwen te santi kè m poze, se sa k fè mwen t'ap di: — Anyen p'ap janm rive m. (8) Senyè, ou fè m favè, ou mete m chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m kase. (9) Mwen te kriye nan pye ou, Senyè. Mwen te mande ou sekou. (10) Si ou kite yo touye m, sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou? (11) Koute m non, Senyè! Gen pitye pou mwen! Senyè, pote m sekou!
Sòm 30:5-10