Psalms 3:1-8

(2) Senyè, ala anpil lènmi m yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m yo anpil! (3) Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l! (4) Men ou menm, Senyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m genyen batay la. Ou p'ap kite m wont devan lènmi m yo. (5) Mwen rele Senyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen. (6) Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Senyè a ap soutni mwen. (7) Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m toupatou. (8) Leve non, Senyè! Sove m non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo. (9) Se ou menm sèl, Senyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.
Sòm 3:1-8