Psalms 27:7-14

Senyè, tande m non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non! Ou pale nan kè m, ou di mwen vin jwenn ou. Men m'ap chache fas ou, Senyè! Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m pou kont mwen, pa lage m. Papa m ak manman m te mèt lage m, Senyè a va ranmase mwen. Senyè, moutre m jan ou vle m viv la. Fè m mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m. Pa lage m nan men lènmi m yo. Yo sòti pou yo touye m. Se yon bann moun k'ap bay manti. Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a. Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!
Sòm 27:7-14