Psalm 27:4-6

Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a. Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m lakay li. L'a kache m byen fon nan Tanp li a. L'a leve m mete yon kote pou anyen pa rive m. Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan Tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Senyè a.
Sòm 27:4-6