Psalm 24:1-10

(1b) Se pou Senyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Senyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l. Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l chita sou gwo larivyè yo. Ki moun ki gendwa moute sou mòn ki pou Senyè a? Ki moun li kite antre nan kay ki apa pou li a? Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun. Senyè a va beni moun konsa. Bondye k'ap delivre l la va fè l gras. Se moun konsa ki pou chache Senyè a, ki pou chache parèt devan Bondye Jakòb la. Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre! Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Senyè ki gen fòs ak kouray la, li vanyan nan batay. Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre! Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Senyè ki chèf lame zanj yo, se li menm ki wa ki gen pouvwa a.
Sòm 24:1-10