Psalms 19:7-11

(8) Lalwa Senyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Senyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann. (9) Regleman Senyè a se bagay ki dwat. Moun ki swiv yo ap gen kè kontan. Kòmandman li yo klè. Yo louvri je moun. (10) Se pou nou gen krentif pou Senyè a yon jan ki san repwòch. Epi se tout tan pou nou gen krentif sa a. Jijman Senyè a se verite, yo pa janm nan patipri. (11) Moun ap kouri dèyè yo pi rèd pase dèyè lò, menm pase lò ki pi bon an. Yo pi dous pase siwo myèl, menm pase siwo k'ap degoute nan gato myèl. (12) Mwen menm k'ap sèvi ou la, yo ban m anpil konesans. Gen gwo rekonpans pou moun k'ap obeyi yo.
Sòm 19:7-11