Psalms 19:1-4

(2) Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l. (3) Jounen jodi a rakonte koze a bay jounen denmen an. Chak nwit repete li bay nwit ki vin apre a. (4) Yo pa pale, yo pa di yon mo. Ou pa tande yon ti bwi. (5) Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesay y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la.
Sòm 19:1-4