Psalms 18:1-7

(2) Ala renmen mwen renmen ou, Senyè! Se ou menm ki tout fòs mwen. (3) Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m kache. (4) Mwen rele Senyè a: Li delivre m anba lènmi m yo. Lwanj pou Senyè a! (5) Lanmò te fin vlope m. Mwen te pè lè m wè tout malè sa yo tonbe sou mwen. (6) Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m vire, mwen wè lanmò devan m. (7) Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Senyè a. Mwen mande Bondye m lan sekou. Kote l chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li. (8) Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè!
Sòm 18:1-7