Psalms 145:17-21

Senyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè. Senyè a kanpe toupre moun k'ap rele l, toupre tout moun k'ap rele l ak tout kè yo. L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l, l'ap delivre yo. L'ap pwoteje tout moun ki renmen l. Men, l'ap detwi tout mechan yo. M'a fè lwanj Senyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l tout tan tout tan.
Sòm 145:17-21