Psalm 139:16-19

Depi anvan m te fèt, tout lavi m te devan je ou. Tou sa mwen ta pral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo. Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m konprann, lèfini yo anpil! Si m ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m ta janm rive fin konte yo, mwen p'ap pi konnen ou pase sa. Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m an repo!
Sòm 139:16-19