Mwen mete tout espwa m nan Senyè a,
mwen mete espwa m nan sa li di.
N'ap tann Senyè a, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve,
wi, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve!
Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Senyè a,
paske li renmen nou anpil.
Li toujou pare pou delivre.