Psalm 121:1-5

(1b) Mwen leve je m, mwen gade mòn yo, mwen di: — Ki bò m'a jwenn sekou? Sekou mwen sòti nan men Senyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a. Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi. Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi. Se Senyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbray ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.
Sòm 121:1-5