Psalm 119:9-16

Kisa jenn gason dwe fè pou li mennen bak li dwat? Se pou li toujou mache jan ou vle li mache a. Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m dezobeyi kòmandman ou yo. Mwen sere pawòl ou nan kè mwen pou mwen pa peche kont ou. Mèsi, Bondye. Moutre m tou sa ou vle m fè. M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki sòti nan bouch ou. Mwen pran plezi m pou m mache dapre prensip ou yo, tankou si m te gen tout richès sou latè. M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou. Mwen pran tout plezi m nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo.
Sòm 119:9-16