Psalms 119:105-108

Pawòl ou se yon chandèl ki fè m wè kote m'ap mete pye m, se yon limyè k'ap klere chemen mwen. Mwen sèmante epi m'ap kenbe sèman mwen: M'ap fè tou sa pawòl ou deside pou m'fè. Senyè, m'ap soufri anpil anpil. Ban m lavi ankò jan ou te pwomèt la. Senyè, koute lè m'ap lapriyè pou m di ou mèsi. Fè m konnen tou sa ou deside.
Sòm 119:105-108