Psalms 116:1-19

Mwen renmen Senyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen. Li te panche zòrèy li bò kote m chak fwa mwen rele l. Lanmò te fin vlope m. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m te kase, mwen te nan gwo lapenn. Lè m wè sa, mwen rele Senyè a. Mwen di li: — Tanpri, Senyè, delivre m non! Senyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè. Senyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen. Mwen mèt rete kè poze, paske Senyè a te bon pou mwen. Senyè, ou delivre m anba lanmò. Ou fè m sispann kriye. Ou pa kite m bite. Se konsa m'a mache devan Senyè a, nan peyi moun vivan yo. Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Senyè a, menm lè m t'ap di: — Malè pa manke tonbe sou mwen! menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m t'ap di: — Ou pa ka fè pèsonn konfyans! Kisa m'a fè pou Senyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo? M'a ofri yon bwason bay Senyè a, paske li delivre m. M'a rele l pou m di l mèsi. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m te pwomèt li a. Sa fè Senyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l yo mouri! Senyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m yo. M'ap ofri bèt pou yo touye bay Senyè a, m'ap rele l pou m di l mèsi. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m te pwomèt li a.
Sòm 116:1-18-19