Psalms 116:1-9

Mwen renmen Senyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen. Li te panche zòrèy li bò kote m chak fwa mwen rele l. Lanmò te fin vlope m. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m te kase, mwen te nan gwo lapenn. Lè m wè sa, mwen rele Senyè a. Mwen di li: — Tanpri, Senyè, delivre m non! Senyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè. Senyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen. Mwen mèt rete kè poze, paske Senyè a te bon pou mwen. Senyè, ou delivre m anba lanmò. Ou fè m sispann kriye. Ou pa kite m bite. Se konsa m'a mache devan Senyè a, nan peyi moun vivan yo.
Sòm 116:1-9