Psalm 111:1-6

Lwanj pou Senyè a! M'a fè lwanj Senyè a ak tout kè m, nan mitan moun ki mache dwat yo, nan mitan pèp Bondye a lè yo reyini. Bagay Senyè a fè se gwo zafè! Tout moun ki kontan wè yo ap chache konprann yo. Tou sa li fè, se respè, se chapo ba. Jistis li la pou tout tan. Senyè a pa kite nou bliye bèl mèvèy li fè yo. Li gen pitye pou nou, li gen bon kè. Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an. Li fè pèp li wè jan li gen pouvwa nan sa l'ap fè. Li ba yo tè lòt nasyon yo pou byen pa yo.
Sòm 111:1-6