Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Psalms 105:1-11

Sòm 105:1-11 - Lwanj pou Senyè a!
Fè konnen jan li gen pouvwa!
Fè nasyon yo konnen sa li fè!
Chante pou li! Fè lwanj li!
Rakonte tout mèvèy li te fè yo!
Fè kè nou kontan paske se moun pa l nou ye.
Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Senyè a fè fèt!
Ale jwenn Senyè a pou l ka ede nou,
toujou chache rete devan li.
Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye,
nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè.
Chonje jijman ki te sòti nan bouch li!

Senyè a se Bondye nou li ye.
Lè li pase yon lòd se pou tout latè.
L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram.
L'ap kenbe pwomès li,
pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan.
Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo,
yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan.
Li te di: — M'ap ba ou peyi Kanaran an
pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m yo.

Lwanj pou Senyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè! Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo! Fè kè nou kontan paske se moun pa l nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Senyè a fè fèt! Ale jwenn Senyè a pou l ka ede nou, toujou chache rete devan li. Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te sòti nan bouch li! Senyè a se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd se pou tout latè. L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li, pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan. Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan. Li te di: — M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m yo.

Sòm 105:1-11

Psalms 105:1-11
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo