Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Psalms 104:24-34

Sòm 104:24-34 - Senyè, ou fè anpil bagay!
Ou fè yo avèk bon konprann.
Latè plen ak bagay ou fè.
Gade gwo lanmè a, li laj, li fon.
Gen kantite bèt k'ap viv ladan l, gwo kou piti.
Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen.
Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l.
Se sou ou tout bèt sa yo konte,
pou ou ba yo manje lè yo bezwen.
Ou ba yo manje, yo manje.
Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo.
Vire ou vire do ou, yo pran tranble.
Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt,
yo tounen nan pousyè kote yo te sòti a.
Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò.
Konsa, ou bay latè yon lòt figi.
Se pou bèl pouvwa Senyè a rete jan l ye a pou tout tan.
Se pou Senyè a kontan ak tou sa li fè.
Li gade latè, latè pran tranble.
Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen.

M'ap pase tout lavi m ap chante pou Senyè a.
M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la.
Mwen ta swete pawòl mwen fè l plezi,
paske se li ki fè kè m kontan.

Senyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè. Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l, gwo kou piti. Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l. Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen. Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo. Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te sòti a. Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi. Se pou bèl pouvwa Senyè a rete jan l ye a pou tout tan. Se pou Senyè a kontan ak tou sa li fè. Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen. M'ap pase tout lavi m ap chante pou Senyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la. Mwen ta swete pawòl mwen fè l plezi, paske se li ki fè kè m kontan.

Sòm 104:24-34

Psalms 104:24-34
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo