Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Psalms 103:1-14

Sòm 103:1-14 - (1b) Kite m di Senyè a mèsi!
Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!
Wi, kite m di Senyè a mèsi.
Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.
Li padonnen tout peche m yo,
li geri tout maladi m yo.
Li wete m nan bouch twou a.
Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen.
Li kouvri m ak benediksyon pandan tout lavi m,
li fè m rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini.

Senyè a pa nan patipri.
Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis.
Li fè Moyiz konnen sa l te gen nan tèt li,
li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo.
Senyè a gen kè sansib, li gen bon kè.
Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.
Li p'ap pase tout tan l ap pini nou,
li pa ankòlè pou lontan.
Li pa aji ak nou jan nou ta merite l la,
li pa pini nou jan l ta dwe pini nou.
Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a,
se konsa Senyè a renmen moun ki gen krentif pou li.
Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a,
se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.
Menm jan yon papa sansib pou pitit li,
se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.
Li konnen ak kisa nou fèt,
li chonje se pousyè tè nou ye.

(1b) Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen! Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen. Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo. Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen. Li kouvri m ak benediksyon pandan tout lavi m, li fè m rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini. Senyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. Li fè Moyiz konnen sa l te gen nan tèt li, li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo. Senyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li p'ap pase tout tan l ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan. Li pa aji ak nou jan nou ta merite l la, li pa pini nou jan l ta dwe pini nou. Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Senyè a renmen moun ki gen krentif pou li. Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou. Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li. Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye.

Sòm 103:1-14

Psalms 103:1-14
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo